Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
23
Yon sòm David
1 Bondye se [a]bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li [b]mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan [c]chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
[d]Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
[e]Tas mwen fin debòde nèt.
6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va [f]viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.

<- Sòm Yo 22Sòm Yo 24 ->