Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
22
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;
Yon sòm David.
1 [a]Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou
te abandone m?
Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2 O Bondye mwen, mwen [b]kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.
E nan lannwit men m pa jwenn repo.
3 Sepandan, Ou sen;
Ou menm ki [c]sou twòn lwanj pèp Israël la.
4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.
Yo te mete konfyans yo nan Ou,
e Ou te [d]delivre yo.
5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.
[e]Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.
6 Men mwen se yon [f]vè,
mwen pa menm yon moun.
Parèt abominab devan lèzòm,
e meprize pa tout moun.
7 Tout moun ki wè m vin moke mwen.
Yo [g]separe avèk lèv yo e yo
souke tèt yo pou di:
8 Li mete konfyans nan SENYÈ a.
Kite Li menm delivre li.
Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te
fè m sòti nan vant manman m nan.
Ou te fè m gen konfyans depi m
t ap souse tete manman m.
10 Sou Ou, mwen te depann [h]depi nesans mwen.
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 [i]Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.
Paske nanpwen moun ki pou ede m.
12 Anpil towo vin antoure m.
Towo fò a [j]Basan yo te ansèkle m.
13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,
tankou yon [k]lyon voras k ap rele fò.
14 Mwen vin vide tankou dlo.
Tout zo m fin dejwente.
15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.
Lang mwen kole akote nan bouch mwen.
[l]Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
16 Konsa, chen yo vin antoure mwen.
Yon bann malfektè vin ansèkle m.
Yo te [m]pèse dwat mwen avèk pye m.
17 Mwen kab kontwole tout zo m yo.
Yo [n]gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.
18 Yo [o]divize rad mwen pami yo.
Pou vètman m, yo tire osò.
19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!
Ou menm, sekou mwen, [p]fè vit, vin rive ede m!
20 Delivre nanm mwen devan [q]nepe a,
lavi mwen devan pouvwa a chen an.
21 Fè m sekou soti nan bouch a [r]lyon an,
soti sou kòn a bèf mawon.
Wi, Ou menm te reponn mwen.
 
22 Mwen va [s]pale non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
23 [t]Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.
Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!
Kanpe byen sezi devan L,
nou tout, desandan Israël yo.
24 Paske Li pa t meprize ni
rayi afliksyon a aflije yo.
Ni Li pa t kache figi Li a li menm,
men [u]lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.
 
25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti
nan gran asanble a;
Mwen va [v]akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.
26 Aflije yo va manje e [w]va satisfè.
Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.
Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
27 Tout [x]ekstremite tè a nèt va sonje.
Yo va vire bò kote SENYÈ a.
Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va
adore devan Ou.
28 Paske [y]wayòm nan se pou SENYÈ a,
e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
29 Tout moun [z] byen reyisi sou latè va manje e adore.
Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,
Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
30 Jenerasyon yo va sèvi Li.
Yo va pale de SENYÈ a
a [aa]desandan yo k ap vini an.
31 Yo va vini.
Yo va deklare ladwati Li
a yon pèp ki [bb]va vin fèt.
Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.

<- Sòm Yo 21Sòm Yo 23 ->