2
1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,
e pèp yo fòmante yon vye bagay?
2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo
pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,
e [a]kont onksyone pa Li a:
3 “Annou [b]chire chenn sa yo,
e jete kòd ki mare nou yo!”
4 Sila ki chita nan syèl la [c]ri;
SENYÈ a ap moke yo.
5 Anplis, Li va pale avèk yo nan [d]kòlè Li.
Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
6 Men pou Mwen menm,
Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion,
[e]mòn sen Mwen an.
7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se [f]Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
8 Mande Mwen, e Mwen va bay Ou
[g]nasyon yo kon eritaj,
jis rive nan [h]dènye pwent latè
kon posesyon pa Ou.
9 Ou va [i]kase yo avèk yon baton fè,
Ou va [j]kraze yo tankou veso kanari.”
10 Konsa, O wa yo, [k]sèvi ak sajès.
Fè atansyon, O jij sou latè yo.
11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e
rejwi avèk [l]tranbleman.
12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,
epi ou ta mouri nan chemen an.
Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.