Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
149
1 Louwe SENYÈ a!
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
avèk lwanj Li [a]nan asanble fidèl Li yo.
2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.
Kite fis a Sion yo rejwi nan [b]Wa yo a.
3 Kite yo louwe non Li avèk dans!
Kite yo chante lwanj a Li
avèk [c]tanbouren ak gita.
4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.
Li va [d]anbeli enb yo avèk sali Li.
5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa.
Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
6 Ke [e] gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,
ak yon nepe file de bò nan men yo,
7 pou [f]fè vanjans sou nasyon yo,
avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
8 pou mare wa yo ak chenn,
ak [g]moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
9 pou [h]egzekite sou yo jijman ki te ekri a.
Sa se lonè de tout fidèl Li yo.
Louwe SENYÈ a!