147
1 Louwe SENYÈ a!
Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.
Paske se agreyab epi lwanj Li se [a]dous.
2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.
Li [b]ranmase egzile Israël yo.
3 Li geri sila ak [c]kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4 Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li [d]bay non a yo tout.
5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
[e]Bon konprann Li an san limit nèt.
6 SENYÈ a bay [f]soutyen a aflije yo.
Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
7 [g]Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki [h]founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 Li bay bèt la manje li,
ak [i]jenn kòbo k ap kriye yo.
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li [j]pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
[k]sila ki tann lanmou dous Li yo.
12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!
Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;
Li te [l] beni fis ou yo anndan w.
14 Li [m]fè lapè anndan lizyè ou yo.
Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 Li voye lòd Li sou latè.
[n]Pawòl Li kouri byen vit.
16 Li bay lanèj kon lenn.
Li gaye [o]lawouze glase kon sann.
17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.
Se kilès ki kab kanpe devan [p]fredi Li a?
18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.
Li fè [q]van Li soufle e dlo yo koule.
19 Li [r]deklare pawòl Li yo a Jacob,
règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 Li [s]pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.
Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.
Louwe SENYÈ a!