Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
146
1 Beni SENYÈ a!
[a]Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
2 Mwen va beni SENYÈ a [b]pandan mwen ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an
pandan mwen sou latè a.
3 [c]Pa mete konfyans nan prens yo.
Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.
4 [d]Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.
Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki [e]mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
6 Ki te fè syèl la avèk tè a,
[f]lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
7 Ki [g]egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
8 SENYÈ a [h]ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
9 SENYÈ a [i]pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan,
Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.
Louwe SENYÈ a!