Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
14
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
[a]Nanpwen ki fè sa ki bon.
2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki [b]konprann, k ap chache Bondye.
3 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
[c]Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki [d]manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
5 La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
6 Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se [e]refij li.
7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a [f]restore pèp kaptif li a,
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.

<- Sòm Yo 13Sòm Yo 15 ->