Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
139
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 O SENYÈ, Ou te [a]sonde mwen e te konnen mwen.
2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.
Ou konprann panse mwen yo de lwen.
3 Ou konn [b]egzamine chemen mwen fè avèk
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou [c]konnen tout li menm.
5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e
Ou te [d]poze men Ou sou mwen.
6 [e]Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.
Li twò wo.
Mwen pa kab rive kote l.
7 [f]Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
8 [g]Si mwen monte nan syèl la, Ou la.
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
9 Si mwen pran zèl nan maten,
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
10 menm la, se men Ou k ap [h]mennen mwen,
e se men dwat Ou k ap kenbe m.
11 Si mwen di: “Anverite, [i]tenèb la va kouvri mwen,
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,
e fènwa a klere menm jan ak lajounen.
[j]Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te [k]tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo [l]depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15 [m]Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv [n]Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
17 Anplis, SENYÈ, a la presye se [o]panse Ou yo yo pou mwen!
A la gran, yo gran anpil!
18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.
Lè m [p]leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
19 O ke Ou ta [q]touye mechan yo, O Bondye.
Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
20 Paske yo [r]pale kont Ou ak mechanste,
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
21 Èske m pa [s]rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.
Yo devni lènmi m.
23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e
mennen mwen nan chemen etènèl la.

<- Sòm Yo 138Sòm Yo 140 ->