Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
138
Yon Sòm David
1 [a]Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.
Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
2 Mwen va pwostène mwen [b]vè sen tanp Ou a,
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak [c]fòs nan nanm mwen.
4 [d]Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,
paske [e]gran se glwa SENYÈ a.
6 Paske malgre SENYÈ a egzalte,
Li toujou okipe sila ki ba yo.
Men moun ki [f]ògeye yo,
Li rekonèt yo de lwen.
7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,
Ou va fè m [g]reprann mwen.
Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.
Men dwat Ou va sove mwen.
8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.
Pa abandone zèv men Ou yo.

<- Sòm Yo 137Sòm Yo 139 ->