Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
137
1 Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.
Nou te [a]kriye, lè nou te sonje Sion.
2 Sou pye [b]sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
3 Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,
e [c]bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:
“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
4 Kijan pou nou ta chante [d]chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
5 Si mwen [e]ta bliye ou, O Jérusalem, kite men
dwat mwen bliye kapasite li.
6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,
Si m pa ta sonje ou, si m pa ta [f]leve Jérusalem wo,
pi wo ke pi gwo plezi m yo.
7 Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,
ke yo te di: “Raze l nèt!
Raze l [g]jis rive nan fondasyon li.”
8 O fi a Babylone nan, Ou menm ki te [h]devaste nou an,
A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm
rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
9 A la beni sila ki sezi pitit ou yo,
e ki [i]kraze yo nan wòch la va beni!

<- Sòm Yo 136Sòm Yo 138 ->