Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
136
1 [a]Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2 Bay remèsiman a [b] Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
4 A Sila [c]sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
5 A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
6 a Sila ki te [d]ranje tè a anwo dlo yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
7 a Sila ki te [e]fè gran limyè yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
8 [f]solèy ki pou domine lajounen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10 A Sila ki te [g]frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11 ki te [h]mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12 Avèk yon men fò ak yon bra [i]lonje nèt,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13 a Sila ki te [j]divize Lanmè Wouj fè de bò a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14 ki te fè Israël pase nan mitan li,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15 men [k]Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16 a Sila ki te [l]mennen pèp Li a nan dezè a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17 a Sila ki te [m]frape gran wa yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18 ki te [n]touye wa pwisan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19 [o]Sihon, wa Amoreyen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20 ak [p]Og, wa Basan an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21 e te [q]bay peyi yo kon eritaj,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22 menm yon eritaj a Israël, [r]sèvitè Li a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23 ki te [s]sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24 epi ki te [t]delivre nou nan men advèsè nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25 ki [u]bay manje a tout chè,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26 Bay remèsiman a [v]Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

<- Sòm Yo 135Sòm Yo 137 ->