Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
135
1 [a]Beni SENYÈ a!
Beni non SENYÈ a!
Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,
2 nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,
nan [b]lakou lakay SENYÈ nou an!
3 Beni SENYÈ a, paske [c]SENYÈ a bon.
Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
4 Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,
Israël pou pwòp [d]posesyon pa Li.
5 Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,
e ke SENYÈ nou an [e]pi wo ke tout dye yo.
6 [f]Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,
nan syèl la oswa sou tè a,
nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.
Ki [g]fè rive loray avèk lapli yo,
ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
8 Li te [h]frape premye ne Égypte yo,
ni lòm, ni bèt.
9 Li te voye [i]sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte,
sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.
10 Li te [j]frape anpil nasyon,
e te detwi wa pwisan yo,
11 Sihon, wa Amoreyen yo, Og,
wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.
12 Epi Li te [k]bay yo peyi yo kon eritaj,
yon eritaj a Israël, pèp Li a.
13 [l]Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan,
Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.
14 Paske SENYÈ a va [m]jije pèp Li a, e
va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.
 
15 [n]Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,
zèv a men a lòm.
16 Yo gen bouch, men yo pa pale.
Yo gen zye, men yo pa wè.
17 Yo gen zòrèy, men yo pa tande,
ni nanpwen souf nan bouch yo.
18 Sila ki fè yo va vin tankou yo.
Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.
19 O lakay [o]Israël, beni SENYÈ a!
O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!
20 O lakay Lévi, beni SENYÈ a!
Nou menm [p]ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
21 Ke SENYÈ a beni soti [q]nan Sion,
Sila ki abite Jérusalem nan,
Beni SENYÈ a!

<- Sòm Yo 134Sòm Yo 136 ->