Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
133
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 Gade byen, a la bon e agreyab
pou [a]frè yo viv ak tèt ansanm!
2 Se tankou [b]lwil presye ki koule sou tèt,
vin desann jis sou bab, menm bab Aaron,
vin desann rive sou kote vètman li.
3 Se tankou lawouze Mòn Hermon
ki vin desann sou mòn Sion nan;
paske la, SENYÈ a te kòmande
benediksyon an——[c]lavi jis pou tout tan.

<- Sòm Yo 132Sòm Yo 134 ->