13
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Jiskilè SENYÈ?
Èske Ou ap [a]bliye mwen jis pou tout tan?
Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
2 Pou konbyen de tan mwen va oblije
[b]depann sou pwòp konsèy tèt mwen,
ak tristès nan kè m tout lajounen?
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen;
[c]Fè zye m wè, pou m pa mouri;
4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,”
[d]epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
5 Men mwen va [e]mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;
Kè m va rejwi nan delivrans ou
6 Mwen va [f]chante a SENYÈ a,