128
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 [a]A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
2 Lè ou manje nan [b]fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
3 Madanm ou ap tankou yon [c]chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
5 [d]Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;
ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
6 Wi, pou ou ka wè [e]pitit a pitit ou yo!