Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
127
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a [a]veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,
pou [b]manje pen a travay di yo,
paske se domi Li bay a moun li renmen.
3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
[c]Fwi a vant la se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men a yon [d]gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
5 A la [e]beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

<- Sòm Yo 126Sòm Yo 128 ->