122
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1 Mwen te kontan lè yo te di mwen,
“Annou [a]ale lakay SENYÈ a.”
2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki [b]kole dyanm ansanm,
4 sou sila, tribi yo konn [c]monte, menm tribi a SENYÈ yo,
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
5 Paske la, [d]twòn yo te plase pou jijman,
twòn lakay David yo.
6 Priye pou lapè Jérusalem.
Sila ki renmen ou yo va [e]pwospere.
7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan [f]palè ou yo.
8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,
[g]“Ke lapè anndan ou”.