121
Yon Sòm pou monte vè tanp lan
1 Mwen leve zye m vè [a]mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki [b]te fè syèl la ak tè a.
3 Li [c]p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5 SENYÈ a se [d]gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 [e]Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
8 Li va [f]pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,