Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
120
Yon chanson pou monte vè tanp lan
1 [a]Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a.
Li te reponn mwen.
2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
3 Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O [b]lang mansonjè?
4 Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
5 Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a [c]Méschec,
Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
6 Nanm mwen gen demè li avèk sila ki
[d]rayi lapè yo pandan twòp tan.
7 Mwen [e]vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.

<- Sòm Yo 119Sòm Yo 121 ->