12
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
1 Sekou, SENYÈ, paske [a]moun ladwati yo sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2 Yo pale sa ki fo a youn lòt.
[b]Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki [c]pale gwo bagay yo;
4 ki [d]te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, [e]Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki [f]teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.
Ou va [g]prezève yo soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
lè [h]bagay ki lèd vin leve wo