115
1 Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,
men [a]pou Non Ou glwa bay,
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
2 Poukisa nasyon yo ta di:
[b]“Kote Bondye yo a ye koulye a?”
3 Men [c]Bondye nou an nan syèl yo.
Li fè sa Li pito.
4 Zidòl yo se ajan ak lò, [d]zèv men a lòm.
5 Yo gen bouch, men yo [e]pa kab pale.
Yo gen zye, men yo pa kab wè.
6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
7 Yo gen men, men yo pa kab manyen.
Yo gen pye, men yo pa kab mache.
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
8 [f]Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!
Se Li menm ki [g]sekou ak boukliye yo.
10 O lakay [h]Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
11 Nou menm ki [i]gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12 SENYÈ a [j]te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,
[k]piti kon gran.
14 Ke SENYÈ a kab [l]fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,
[m]Kreyatè syèl la ak tè a.
16 Syèl yo se [n]Syèl SENYÈ a,
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
17 [o]Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
18 Men nou va beni SENYÈ a,
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ la!
<- Sòm Yo 114Sòm Yo 116 ->