Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
113
1 Louwe SENYÈ a!
Louwe, O [a]sèvitè a SENYÈ yo,
Louwe non SENYÈ a.
2 [b]Beni se non SENYÈ a,
soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
3 [c]Depi solèy leve jiskaske li kouche,
non SENYÈ a dwe louwe.
4 SENYÈ a [d]wo, anwo tout nasyon yo!
Glwa Li pi wo syèl yo!
5 Se [e]kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
Ki sou twòn Li anwo a,
6 ki [f]abese tèt Li pou gade tout bagay
ki nan syèl yo ak sou latè yo?
7 Li [g]fè malere a leve sòti nan pousyè a
e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
8 pou fè yo [h]chita avèk prens yo.
Menm avèk prens a pèp Li yo.
9 Li [i]fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.
Louwe SENYÈ a!

<- Sòm Yo 112Sòm Yo 114 ->