Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
110
Yon Sòm David
1 [a]SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen
Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
2 SENYÈ a va lonje [b]baton wayal Ou a soti nan Sion e di:
“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.
Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;
ak jennes Ou, tankou [c]lawouzaj gran maten an.
4 SENYÈ a fin sèmante. Li [d]p ap chanje panse L:
“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
5 SENYÈ a sou men dwat ou.
Li va [e]kraze wa yo nan jou kòlè Li a.
6 Li va [f]jije pami nasyon yo.
Li fè gwo pil kadav yo,
Li va brize tèt a chèf tout latè a.
7 Li va [g]bwè nan flèv pandan L an wout;
konsa, Li va leve tèt Li wo.

<- Sòm Yo 109Sòm Yo 111 ->