Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
102
1 Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!
Epi kite kri sekou mwen [a]rive bò kote Ou.
2 Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;
Panche zòrèy Ou bò kote m.
Nan jou ke m rele Ou a, [b]reponn mwen vit.
3 Paske jou m yo [c]te manje nèt nan lafimen,
e zo m te chofe tankou yon chemine.
4 Kè m [d]fin frape tankou zèb.
Li fennen nèt.
Anverite, mwen bliye manje pen mwen.
5 Akoz gwo bri kri mwen yo,
[e]zo m yo kole sou chè m.
6 Mwen sanble ak yon [f]grangozye nan dezè.
Mwen tankou yon frize nan gran savann.
7 Mwen [g]kouche zye tou louvri.
Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.
8 Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.
Sila ki [h]moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.
9 Paske mwen te manje sann kon pen e
[i]mele bwason m ak dlo zye m,
10 akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.
Ou te [j]leve m wo e te jete m lwen.
11 Jou m yo tankou yon [k]lonbraj ki vin long.
Mwen vin fennen tankou zèb.
12 Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan
E [l]non Ou jis a tout jenerasyon yo.
13 Ou va leve pou fè pitye sou Sion,
paske se lè pou [m]fè li gras.
Lè apwente a fin rive l.
14 Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.
Yo plen tristès akoz pousyè li.
15 Pou sa, [n]nasyon yo va krent non SENYÈ a,
e tout wa latè yo va krent glwa Ou.
16 Paske se SENYÈ a ki te [o]ranfòse Sion.
Li te parèt nan glwa Li.
17 Li te [p]prete atansyon a lapriyè malere yo,
e pa t meprize priyè yo.
 
18 Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.
Pou [q]yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.
19 Li te gade anba soti nan wotè sen Li an.
[r]Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,
20 pou tande vwa plenyen a prizonye a,
pou [s]mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,
21 Pou lezòm ta kab [t]pale sou non SENYÈ a nan Sion,
e bay lwanj Li nan Jérusalem,
22 pandan [u]pèp yo rasanble ansanm ak
wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.
 
23 Li fin febli fòs mwen nan chemen an.
Li [v]rakousi nonb de jou mwen yo.
24 Mwen te di: “O Bondye mwen an,
[w]pa rache m nan mitan jou mwen yo.
Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.
25 Depi tan ansyen yo, Ou te [x]fonde latè,
e syèl yo se zèv lamen Ou yo.
26 Malgre yo [y]peri, Ou menm va rete toujou.
Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.
Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.
27 Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.
Ane pa Ou yo p ap janm fini.
28 Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,
e desandan pa yo va etabli devan Ou.”

<- Sòm Yo 101Sòm Yo 103 ->