Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
101
Yon Sòm David
1 Mwen va [a] chante de lanmou dous avèk jistis.
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.
Kilè Ou va vini kote mwen?
Mwen va mache anndan lakay mwen ak [b]entegrite nan kè m.
3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki [c] chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
4 Yon [d] kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,
li menm, mwen va detwi.
Nenpòt moun ak [e]rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen [f] san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
7 Sila ki [g]pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab [h]koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.

<- Sòm Yo 100Sòm Yo 102 ->