Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
100
Yon Sòm Remèsiman an
1 [a] Rele fò a SENYÈ tout latè a!
2 [b] Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!
Vini devan Li avèk chan lajwa.
3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.
Se Li menm ki te [c] fè nou, e se pou Li nou ye.
Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,
e nan lakou Li yo avèk lwanj.
Ba Li remèsiman!
Beni non Li!
5 Paske Bondye bon.
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,
[d] e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

<- Sòm Yo 99Sòm Yo 101 ->