Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
9
1 Sajès [a]bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
2 Li te [b]prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3 Li [c]voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki [d]manke bon konprann nan, li di:
5 “Vin [e]manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
6 Kite foli ou pou ou ka viv;
epi [f]avanse nan chemen bon konprann nan.”
 
7 Sila ki [g]korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
[h]repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va [i]ogmante konesans li.
10 [j]Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Paske [k]pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 Si ou saj, ou saj [l]pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
 
13 Fanm sòt [m]pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14 Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote [n]wo plas vil yo.
15 Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 [o]Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 “Dlo yo vòlè dous
e [p]pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.

<- Pwovèb 8Pwovèb 10 ->