Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
8
1 Èske [a]sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
2 Anlè [b]wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
3 Akote [c]pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
4 Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
[d]Moun fou yo, vin konprann sajès!
6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, [e]y ap devwale bagay ki kòrèk.
7 Paske [f]bouch mwen va eksprime verite;
epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
8 Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;
nanpwen anyen [g]kwochi oswa pèvès ladann yo.
9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,
e kòrèk pou sila ki [h]jwenn konesans lan.
10 Pran [i]konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11 Paske, sajès [j]pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
 
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn [k]konesans ak bon sans.
13 [l]Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.
14 [m]Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15 Akoz mwen, [n]wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.
[o]Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18 [p]Richès ak lonè avèk m;
richès k ap dire ak ladwati.
19 Fwi mwen [q]pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20 Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab [r]ranpli kès yo.
 
22 SENYÈ a te posede m [s]nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
23 Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, [t]depi nan tan pi ansyen mond lan.
24 Lè potko gen [u]pwofondè, mwen te fèt,
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
25 [v]Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,
mwen te fèt;
26 pandan li potko fè tè a ak chan yo,
ni premye grenn pousyè mond lan.
27 Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,
[w]Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
28 lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,
lè sous nan fon yo te vin etabli,
29 lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,
lè Li te make tras [x]fondasyon tè a;
30 Nan tan sa a, mwen te akote Li,
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen
e te rejwi devan L tout tan,
31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,
e fè [y]kè kontan nan fis a lòm yo.
 
32 “Alò, pou sa, fis yo, [z]koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33 [aa]Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34 [bb]Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36 Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, [cc]renmen lanmò.”

<- Pwovèb 7Pwovèb 9 ->