Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
7
1 Fis mwen an, [a]kenbe pawòl mwen yo
e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,
ak enstriksyon mwen yo
[b]kon de grenn zye nan tèt ou.
3 Mare yo sou dwèt ou;
[c]ekri yo sou tablo a kè ou.
4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”
e rele sajès pi bon zanmi ou,
5 Pou li kab anpeche ou ale
jwenn ak yon fanm adiltè;
yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
6 Paske bo fenèt lakay mwen,
mwen te gade [d]nan fant fenèt mwen an.
7 Konsa, mwen te wè pami moun [e]sòt yo,
e te rekonèt pami jenn yo,
yon jennonm ki te manke bon sans;
8 ki t ap pase nan lari a toupre
kwen kay fanm nan.
Konsa, li pran chemen pou rive [f]lakay li,
9 nan solèy kouche a, nan aswè,
nan mitan lannwit ak nan fènwa.
10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li
[g]abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.
[h]Pye li pa rete lakay li.
12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,
lap [i]kache tan nan tout kwen.
13 Konsa, li sezi li, bo li;
e ak [j]figi byen ranje, li di li:
14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.
Se jodi a, mwen [k]fin peye ve mwen yo.
15 Konsa, mwen te vin rankontre ou,
pou jwenn prezans ou;
e konsa, mwen te twouve ou.
16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;
avèk bèl [l]dra Égypte yo.
17 Mwen te flite kabann nan ak pafen
flè jasmen, lwil womaren ak [m]kanèl.
18 Vini, annou bwè ladann
e fè lanmou jis rive nan maten.
Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
19 Paske mari m pa lakay la;
li ale nan yon gran vwayaj.
20 Li te pran yon sak lajan avè l.
Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
21 Ak anpil ankourajman, li atire li;
avèk [n]lèv a flatè, li sedwi li.
22 Sibitman, li swiv li tankou
yon bèf k ap monte labatwa,
tankou moun sòt
kab mache rive nan ne koulan an.
23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;
tankou yon [o]zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.
Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
 
24 Alò, pou sa, fis yo, [p]koute mwen
e okipe pawòl a bouch mwen yo.
25 Pa kite kè ou [q]vire akote nan chemen li yo!
Pa vin antre egare nan wout li yo!
26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;
e [r]anpil se sila ki te mouri akoz li.
27 [s]Lakay li nan wout Sejou mò yo,
k ap desann nan chanm lanmò yo.

<- Pwovèb 6Pwovèb 8 ->