Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
6
1 Fis mwen an, si ou devni [a]garanti dèt pou vwazen ou,
ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,
ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.
Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,
ale desann pou jennen vwazen ou an.
4 Pa kite [b]dòmi tonbe nan zye ou,
ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
5 Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,
oswa [c]zwazo a nan pelen moun lachas la.
 
6 Ale kote [d]foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, [e] san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 kon prepare manje li [f]nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 [g]Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 [h]mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
 
12 Yon sanzave, yon moun mechan
se sila ki mache ak yon [i]bouch pèvès,
13 ki [j]bat zye li, ki fè siy ak pye li,
ki pwente ak dwèt li;
14 ki avèk pèvèsite nan kè l
fè tout tan sa ki mal,
ki [k]gaye konfli.
15 Pou sa, [l]malè li va parèt sibitman;
nan yon enstan li va kase nèt;
e li p ap gen gerizon ditou.
 
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, [m]yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
[n]pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon [o]fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
 
20 [p]Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
21 [q]Mare yo tout tan sou kè ou;
mare yo nan kou ou.
22 Lè ou [r]mache toupatou, yo va gide ou.
Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.
Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
23 Paske [s]kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
24 pou [t]anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,
a lang glise de fanm adiltè a.
25 [u]Pa dezire bote li nan kè ou,
ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26 Paske akoz yon pwostitiye,
yon gason redwi a yon mòso pen.
Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.
27 Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo
pou rad li pa brile?
28 Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,
san ke pye l pa brile?
29 Se konsa li ye ak yon nonm ki
[v]antre nan madanm vwazen li.
Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
30 Pèsòn pa meprize yon vòlè
kap vòlè pou l kab [w]satisfè grangou.
31 Men si pa aza, li jwenn li, la oblije
[x]repeye li sèt fwa.
Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
32 Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, [y] detwi pwòp nanm li.
33 L ap twouve blesi ak gwo wont,
e repwòch li p ap efase menm.
34 Paske [z]jalouzi fè laraj nan yon nonm;
li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35 Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,
ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.

<- Pwovèb 5Pwovèb 7 ->