3
1 Fis mwen an, [a]pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
3 Pa kite [b]dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk [c]bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 [d]Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va [e]fè pa ou yo vin dwat.
7 [f]Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon [g]gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak [h]premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou [i]depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11 [j]Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske [k]sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
13 [l]A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske [m]avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li [n]pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se [o]richès ak lonè.
17 [p]Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon [q]pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 SENYÈ a [r]ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 Ak konesans Li, [s]fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va [t]lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap [u]chape.
24 Lè ou [v]kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26 Paske Bondye va konfyans ou,
e va [w]veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
27 [x]Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29 [y]Pa kalkile mal kont vwazen ou
pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30 Pa fè kont ak yon nonm san koz,
depi li pa konn fè ou tò.
31 [z]Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,
ni pa chwazi chemen li yo.
32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;
men SENYÈ a [aa]vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,
men Li [bb]beni abitasyon a moun dwat yo.
34 [cc]Li moke moun k ap moke,
men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35 [dd]Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj,
men moun plen foli yo va dezonere.
<- Pwovèb 2Pwovèb 4 ->
- a Sòm 119:61
- b II Sam 15:20
- c Sòm 111:10
- d Sòm 37:3-5
- e És 45:13
- f Wo 12:16
- g Pwov 4:22
- h Egz 23:19
- i Det 28:8
- j Job 5:17
- k Rev 3:19
- l Pwov 8:32-34
- m Job 28:15-19
- n Job 28:18
- o Pwov 8:18
- p Mat 11:29
- q Jen 2:9
- r Sòm 104:24
- s Jen 7:11
- t Det 32:47
- u Sòm 91:12
- v Job 11:9
- w I Sam 2:9
- x Wo 13:7
- y Pwov 6:14
- z Sòm 37:1
- aa Job 29:4
- bb Job 8:6
- cc Jc 4:6
- dd Dan 12:3