Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
22
1 Yon [a]bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
2 Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki [b] fè yo tout.
3 Sila ki [c]reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
4 Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
5 [d]Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
6 [e]Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
7 [f]Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
8 Sila ki [g]simen inikite a va rekòlte vanite;
e baton kòlè li a va detwi.
9 Sila ki [h]bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
10 [i]Mete moun k ap moke moun yo deyò,
e diskisyon an prale tou;
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11 Sila ki renmen [j]kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12 Zye a SENYÈ a konsève konesans;
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13 [k]Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
14 Bouch a [l]fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
15 Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
 
17 [m]Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18 Paske sa va [n]byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 Pou [o]konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20 Èske mwen pa t ekri ou trant [p]bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21 Pou fè ou [q]konnen vrè pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
 
22 Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni [r]kraze aflije nan pòtay la;
23 paske, SENYÈ a va [s]plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
 
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon [t]moun kolerik,
25 sinon, ou va [u]aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26 Pa konte pami sila ki [v]sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l [w]rale kabann nan sòti anba ou?
 
28 [x]Pa deplase ansyen bòn
ke papa zansèt nou yo te mete a.
29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?
Li va [y]kanpe devan wa yo;
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.