21
1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li [a]vire l kote Li vle.
2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a [b]peze kè yo.
3 SENYÈ a pito [c]ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
[d]lanp a mechan yo se peche.
5 Plan a [e]dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
7 Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo [f]refize aji ak jistis.
8 Chemen a yon moun koupab [g]kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10 Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11 Lè [h]mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12 Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,
[i]afè mechan an vin detwi nèt.
13 Sila ki [j]fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn [k]repons.
14 Yon [l]kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17 Sila ki [m]renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18 Mechan an se yon [n]ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
19 [o]Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan [p]vale tout.
21 Sila ki [q]swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22 Yon [r]nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23 Sila ki [s]veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25 Se [t]volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26 Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo [u] ap vèse bay san rete.
27 Sakrifis a mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28 Yon [v]fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29 Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou [w]moun ladwati a, chemen li an sèten.
30 [x]Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31 Cheval la prepare pou jou batay la;
men [y]viktwa a se nan men SENYÈ a.
- a Esd 6:22
- b Pwov 16:2
- c I Sam 15:22
- d Pwov 24:20
- e Pwov 10:4
- f Am 5:7
- g Pwov 2:15
- h Pwov 19:25
- i Pwov 14:11
- j Mat 18:30-34
- k Jc 2:13
- l Pwov 18:16
- m Pwov 23:21
- n És 43:3
- o Pwov 21:9
- p Job 20:15-18
- q Pwov 15:9
- r II Sam 5:6-9
- s Pwov 12:13
- t Pwov 13:4
- u Sòm 37:26
- v Pwov 19:5-9
- w Sòm 119:5
- x Jr 9:23
- y Sòm 3:8