19
1 [a]Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
2 Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,
ni pou prese rive [b] fè fo pa.
3 Foli a yon nonm fè chemen l gate;
e kè li anraje kont SENYÈ a.
4 [c]Richès fè zanmi ogmante anpil;
men malere pèdi zanmi li yo.
5 Yon [d]fo temwen pa prale san pinisyon;
e sila ki fè manti a, p ap chape.
6 [e]Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;
tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
7 Tout frè a malere yo a rayi li;
konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.
[f]L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.
8 Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.
Sila ki kenbe ak bon konprann nan va [g] jwenn sa ki bon.
9 Yon [h]fo temwen pa prale san pinisyon;
epi sila ki bay manti a, va peri.
10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;
bokou mwens pou yon [i]esklav ta gen otorite sou prens yo.
11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;
se glwa li [j]pou bliye yon transgresyon.
12 [k]Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;
men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,
e yon madanm k ap [l]diskite a
se tankou dlo kap degoute san rete.
14 Kay ak byen se [m]eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
15 [n]Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
16 Sila ki [o]kenbe kòmandman an kenbe nanm li,
men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
17 Yon moun ki [p]fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
18 [q]Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;
paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
21 Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
23 [r]Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
24 Parese a fouye men l nan plato a;
men li refize rale l rive nan bouch li.
25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri;
[s]repwòch a yon moun bon konprann,
va fè l genyen konesans.
26 Sila [t]ki atake papa li e chase manman l ale,
se yon fis ki fè wont ak dega patou.
27 Sispann koute disiplin, fis mwen an
e ou va pèdi chemen konesans.
28 Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis;
e bouch mechan an [u]gaye inikite.
29 Gen desizyon jijman pou mokè yo;