14
1 [a]Fanm saj la bati kay li,
men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
2 Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a;
men sila ki fè chemen [b]kwochi a meprize li.
3 Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;
men [c]lèv a saj yo va pwoteje yo.
4 Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;
men se fòs a bèf la ki fè richès.
5 Yon [d]temwen fidèl p ap bay manti;
men yon fo temwen pale manti.
6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
7 Kite [e]prezans a yon moun ensanse,
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;
men [f]betiz a moun ensanse a se desepsyon.
9 Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;
men [g]pami moun dwat yo, gen bòn volonte.
10 Kè a konnen pwòp [h]amètim ak bonè li;
men ak lòt, sa p ap pataje.
11 [i]Lakay mechan yo va detwi;
men tant a moun dwat la va fleri.
12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;
men [j]fen li se chemen lanmò an.
13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,
e [k]lajwa kon fini nan tristès.
14 Kè a ki pa fidèl va [l]jwen rekonpans pou pwòp chemen li;
men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.
15 Moun san konprann kwè nan tout bagay;
men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.
16 Yon nonm saj fè atansyon pou l [m]vire kite mal;
men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.
17 Yon nonm kolerik aji nan foli,
e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.
18 Moun san konprann yo gen foli kon eritaj;
men moun rezonab lan kouwone ak konesans.
19 [n]Mal la va bese devan sa ki bon an;
e mechan an devan pòtay a moun dwat la.
20 [o]Malere a vin rayi menm pa vwazen li;
men moun gwo kòb gen anpil zanmi.
21 Sila ki meprize vwazen li fè peche;
men [p]sila ki fè gras a malere a, beni.
22 Èske sila ki [q]fòmante mechanste a, pa egare?
Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.
23 Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
24 [r]Kouwòn saj yo se richès yo;
men betiz moun ensanse se foli yo.
25 Yon vrè temwen sove lavi a moun;
men sila ki [s]pale manti pase moun nan betiz.
26 Nan [t]lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;
e pitit li yo va jwenn sekou.
27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,
pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
28 Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa,
men afè prens ki manke moun gate nèt.
29 Sila ki [u]lan nan kòlè a, gen gwo konprann;
men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
30 Yon kè trankil se lavi pou kò a;
men pasyon fè tout zo yo [v]pouri.
31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;
men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.
32 Mechan an jete anba pa malfezans li;
men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;
menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.
34 Ladwati leve yon nasyon;
men peche se yon gwo wont pou yon pèp.
35 Favè a wa a se anvè [w]sèvitè ki aji ak sajès;