13
1 Yon [a]fis ki saj aksepte disiplin a papa l,
men yon mokè pa koute repwòch.
2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;
men volonte moun infidèl se vyolans.
3 Sila ki [b]kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;
men nanm a moun dilijan an vin gra.
5 Yon nonm dwat [c]rayi sa ki fo;
men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
6 Ladwati se [d]yon pwotèj pou sila ki san fot la;
men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
7 Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;
yon lòt pretann li [e]malere men li gen gwo richès.
8 Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;
men malere a pa tande menas.
9 Limyè a moun dwat la se rejwisans;
men [f]lanp a mechan an va etenn.
10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;
men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
11 Richès ki sòti nan manti koule ale;
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
12 Lespwa jennen fè kè a malad;
men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
13 Sila ki [g]meprize lenstriksyon va peye fwe a;
men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
14 Lenstriksyon a saj yo se yon [h]fontèn dlo lavi
pou detounen pèlen lanmò a.
15 [i]Bon konprann pwodwi favè;
men chemen moun ki pa fidèl la di.
16 Tout moun ki [j]pridan aji ak konesans;
men yon moun san konprann parèt ak foli li.
17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;
men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
18 Mizè ak wont se pou sila ki [k]manke disiplin nan;
men sila ki konsidere repwòch la va onore.
19 Yon dezi ki realize se dous a nanm nan,
men moun bèt pa vle kite mechanste.
20 [l]Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
21 Se malè ki kouri dèyè pechè yo;
men moun dwat yo va pwospere.
22 Yon bon moun va [m]lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
23 Gen [n]anpil manje nan tè malere a;
men li fin bale nèt akoz enjistis.
24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li [o]disiplin ak dilijans.
25 Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;