Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen [a]amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 [b]fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb [c]gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.

5 [d]Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye [e]pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te [f]vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te [g]vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin [h]obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te [i]egzalte Li byen wo, e te bay Li [j]non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a [k]tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se [l]Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen [m]fè travay sali nou an avèk [n]lakrent ak tranbleman. 13 Paske se [o]Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

14 Fè tout bagay san [p]plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va [q]san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon [r]jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t [s]kouri anven, ni [t]travay anven. 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon [u]bwason k ap ofri kòm [v]sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.

18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.

19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou [w]voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. 20 Paske m pa gen okenn lòt moun ak [x]yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. 21 Paske yo tout [y]chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. 22 Men nou konnen [z]prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. 23 [aa]Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. 24 Men [bb]mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.

25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, [cc]ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. 26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. 27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. 28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. 29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e [dd]kenbe an wo estim moun tankou li, 30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou [ee]konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.

<- Filipyen Yo 1Filipyen Yo 3 ->