1 [a]Fis a Israël yo te vwayaje pou te fè kan an nan plèn Moab yo, fin kite Jourdain an, anfas Jéricho.
2 Alò [b]Balak, fis Tsippor te wè tout sa ke Israël te fè a Amoreyen yo. 3 [c]Konsa, Moab te nan gran perèz akoz pèp la, pwiske yo te anpil; Moab te sezi avèk gwo laperèz akoz fis Israël yo.
4 Moab te di a ansyen yo a [d]Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.”
8 Li te di yo: “Pase nwit lan isit la, e mwen va pote yon pawòl bannou jan SENYÈ a kab petèt pale avè m.” Epi dirijan Moab yo te rete avèk Balaam.
9 Epi [i]Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?”
10 Balaam te di a Bondye: “Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la te voye yon pawòl ban mwen. 11 ‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a. Alò, vin modi yo pou mwen. Petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’ ”
12 Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. [j]Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.”
13 Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.”
14 Chèf a Moab yo te leve. Yo te ale kote Balak e te di: “Balaam refize vini avèk nou.”
15 Alò, Balak te voye chèf yo ankò, plis an kantite e pi gran pase lòt yo. 16 Yo te vini a Balaam e te di li: “Konsa pale Balak, fis a Tsippor a: ‘Pa kite anyen, mwen mande ou souple, anpeche ou vini kote mwen; 17 paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. [k]Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’ ”
18 Balaam te reponn a sèvitè a Balak yo, [l]“Malgre Balak ta ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, mwen pa ta kapab fè anyen, ni piti ni gran, ki kontrè kòmand SENYÈ a, Bondye mwen an. 19 Alò, silvouplè, rete isit la aswè a pou m ka twouve ki lòt bagay SENYÈ a va pale mwen.”
20 Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men [m]se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.”
21 [n]Konsa, Balaam te leve nan maten. Li te mete yon sèl sou bourik li pou te ale avèk chèf Moab yo. 22 Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. [o]Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li. 23 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe li parèt nan men l, bourik la te kite chemen an pou te antre nan chan an. Men Balaam te frape bourik la pou fè l retounen nan chemen an.
24 Alò, zanj SENYÈ a te kanpe nan yon wout etwat nan chan rezen yo, avèk yon miray sou yon bò, e yon miray sou lòt bò a. 25 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te peze kò l kont mi an, e li te peze pye Balaam kont lòt mi an. Konsa, Balaam te frape li ankò.
26 Zanj SENYÈ a te ale pi lwen. Li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch. 27 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, [p]Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li. 28 Konsa, [q]SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?”
29 Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, [r] Mwen ta gen tan touye ou deja.”
30 Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”.
31 Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè [s]zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè.
32 Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te [t]kont Mwen. 33 Men bourik la te wè M, e li te vire akote pou evite Mwen twa fwa sa yo. Si li pa t vire akote Mwen, Mwen ta, vrèman, gen tan touye ou nan moman sa a, e kite li menm viv.”
34 Balaam te di a zanj SENYÈ a: [u]“Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.”
35 Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men [v]ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo.
36 Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a. 37 Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?”
38 Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.”
39 Epi Balaam te sòti avèk Balak e yo te vini Kirjath-Hutsoth, 40 Balak te fè sakrifis bèf avèk mouton, e li te voye kèk bay Balaam avèk chèf ki te avèk li yo. 41 Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan [w]wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, [x]yon pati nan pèp Israël yo.
<- Non 21Non 23 ->- a Nonb 33:48-49
- b Jij 11:25
- c Egz 15:15
- d Nonb 25:15-18
- e Jd 11
- f Det 23:4
- g Nonb 22:17
- h Nonb 23:23
- i Jen 20:3
- j Nonb 23:8
- k Nonb 22:6
- l I Wa 22:14
- m Nonb 22:35
- n II Pi 2:15
- o Egz 23:20
- p Jc 1:19
- q II Pi 2:16
- r Pwov 12:10
- s Jos 5:13-15
- t II Pi 2:15
- u Nonb 14:40
- v Nonb 22:20
- w Nonb 21:28
- x Nonb 23:13