1 Alò, lè [a] miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi. 2 Anplis, mwen te mete [b] Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun. 3 Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.”
4 Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.
5 [c] Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an:
6 [d] Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li; 7 moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana.
46 Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo. 47 Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo. 48 Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo. 49 Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo. 50 Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo. 51 Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo. 52 Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo. 53 Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo. 54 Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo, 55 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo, 56 fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo.
57 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo. 58 Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo. 59 Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo. 60 Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz.
61 Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye:
64 Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt. 65 Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk [e] Ourim avèk Thoumim nan.
66 Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun, 67 anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo. 68 [f] Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk; 69 chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven.
70 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. [g]Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo. 71 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an lò ak de-mil-de-san min an ajan. 72 Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an lò, ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt.
73 Alò, [h] prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo.