1 Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa. 2 Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? [a] Sa pa mwens ke tristès kè.”
4 Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” [c]
6 [d] Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?”
11 Konsa, mwen te [j] vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou. 12 Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a. 13 Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote [k] Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife. 14 Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk [l] Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase. 15 Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa [m] ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen. 16 Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.
17 Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke [n] Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.” 18 Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo.
19 Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? [p] Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”
20 Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. [q] Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.”
<- Néhémie 1Néhémie 3 ->