1 [a]Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li. 2 Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. 3 E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule [b]wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo. 5 [c]Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. [d]Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. 7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; [e]L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
8 Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a [f]Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo. 10 [g]Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, [h]yo te refize kwè sa.
12 Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a [i]yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò. 13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo [j]pa t kwè yo nonplis.
14 Apre, Li te vin parèt a [k]onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
15 Li te di yo: [l]“Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.[m] 17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. [n]Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va [o]mete men sou malad yo, e y ap refè.”
19 Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye. [p] 20 Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.
<- Marc 15