1 Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di:
“Leve, plede ka ou devan mòn yo;
kite kolin yo tande vwa ou.
2 Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a,
e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo.
Paske [a]SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a,
e Li va plede ka Li ak Israël.
3 “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou?
[b]Nan kisa Mwen te fatige ou?
Reponn Mwen!
4 Anverite Mwen te mennen nou
monte soti nan peyi Égypte.
Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la.
Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”[c]
5 Pèp mwen, sonje koulye a konsèy
Balak, wa Moab la ak sa Balaam,
fis a Beor a, te reponn li depi
nan Sittim rive Guilgal,
pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
6 [d]Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,
e bese m ba devan Bondye anlè a?
Èske mwen ta vini ak ofrann brile,
ak ti bèf ki gen yon lane?
7 Èske SENYÈ a pran plezi nan [e] milye de belye yo?
Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?
Èske se [f]premye ne mwen an mwen dwe bay
pou zak rebelyon mwen yo?
Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
9 Vwa SENYÈ a va rele vè vil la,
e sajès, li menm, fè lakrent non Ou.
“Koute baton an,
ak Sila ki te deziye l.
10 Èske toujou gen trezò [i]mechanste
lakay mechan an, ak yon mezi ki manke?
Ki se madichonnen?
11 Èske Mwen kapab tolere yon [j] fo balans
ak yon sachè fo pèz?
12 Paske moun rich li yo plen vyolans.
Rezidan li yo fè [k]manti,
e [l]lang yo twonpe soti nan bouch yo.
13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak [m]yon blesi grav.
Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
14 Ou va manje, men ou [n]p ap satisfè.
Imilyasyon ou va nan mitan ou.
Ou va vin mete sou kote,
men ou p ap [o]konsève,
e sa ke ou t ap rezève a,
Mwen va bay li a nepe.
15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte.
Ou va kraze grenn oliv anba pye,
men ou menm p ap onksyone ak lwil;
kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.[p]
16 Paske se règleman [q]Omri yo nou kenbe,
ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève,
e se nan konsèy yo ke nou [r]mache.
Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt.
Pèp ou a va giyonnen,
e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”