Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn

a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.
Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo
va kouri kon dlo pou rive kote l.[a]
2 Anpil nasyon va vin di:
“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,
lakay Bondye Jacob la,
pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo
e pou nou ka mache sou pa Li yo.”
Paske depi nan Sion, lalwa va sòti
e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.[b]
3 Konsa, Li va [c]jije antre anpil pèp e pran
desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.
Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen [d]cha
pou laboure latè yo,
ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e
p ap aprann fè lagè ankò.
4 Men yo va fè chak moun [e]chita anba chan
rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo.
Pèsòn p ap fè yo pè:
paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
5 Malgre tout pèp yo mache
nan non dye pa yo, pou nou menm,
[f]nou va mache nan non SENYÈ Bondye
nou an jis pou tout tan e pou tout tan.
6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,
“Mwen va [g]rasanble moun bwate yo,
e Mwen va reyini moun rejte yo,
ak sa ke M te aflije yo.
7 Mwen va fè moun bwate yo
vin yon [h]retay, e moun rejte yo
vin yon nasyon pwisan;
Konsa, [i]SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion
depi koulye a rive jis pou tout tan.”
8 A nou menm, [j] wo tou bann mouton an,
mòn fi Sion an,
sou ou menm, li va retounen.
Wi, menm [k]ansyen pouvwa a,
wayòm nan de fi Jérusalem nan.
 
9 Alò, poukisa ou [l]rele anmwey konsa?
Èske pa gen wa pami nou?
Èske [m]konseye nou an fin peri?
Kite gwo doulè a sezi nou
kon yon fanm k ap pouse fè pitit?
10 Se pou ou vin an doulè,
doulè pou pouse fè pitit
fi a Sion an,
kon yon fanm ki ansent;
paske koulye a, ou va [n]sòti nan vil la
pou rete nan chan,
e ou va ale menm nan Babylone.
[o]La, ou va delivre.
La, SENYÈ a va rachte ou,
soti nan men ènmi ou yo.
 
11 Epi koulye a, gen [p]anpil nasyon
ki rasanble kont ou k ap di:
“Kite li fin souye nèt,
e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
12 Men yo pa [q]konnen refleksyon a SENYÈ a,
ni yo pa konprann bi Li a;
paske Li te ranmase moun sa yo,
kon pakèt sereyal yo,
pou pote sou glasi vannen an.
13 Leve pou [r]bat jèm nan, O fi Sion an!
Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,
e zago ou kon yon zago an bwonz.
Ou va [s]bat an mòso anpil pèp,
pou ou kapab konsakre a SENYÈ a
tout richès enjis pa yo,
ke nou ranmase ak tout byen pa yo,
bay SENYÈ tout latè a.