MICHÉE
1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a [a]Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
2 Tande, O pèp yo, nou tout!
[b]Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.
Kite SENYÈ Bondye a vin [c]temwen kont nou;
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin [d]sòti nan plas Li a.
Li va vin desann pou [e]foule wo plas latè yo.
4 [f]Mòn yo fann anba Li;
Vale yo fann tankou lasi devan dife,
tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la
ak pou peche Israël la.
Se kisa ki [g] rebelyon a Jacob la?
Èske se pa [h]Samarie?
Se kisa ki wo plas a Juda yo?
Èske se pa Jérusalem?
6 Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil [i]mazi nan yon chan louvri,
tankou yon kote pou plante yon chan rezen.
Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,
e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
7 Tout [j]zidòl li yo va vin kraze nèt,
tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,
e tout zidòl li yo Mwen va detwi;
paske se pou salè a yon [k]pwostitiye ke li te ranmase yo,
e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò.
Mwen oblije ale [l]pye atè ak toutouni.
Mwen oblije fè lamantasyon tankou [m]chen mawon,
plenyen tankou otrich!
9 Paske [n]blesi li a p ap ka geri;
paske li fin rive nan Juda.
Li rive nan pòtay a pèp mwen an,
menm Jérusalem.
10 [o]Pa pale sa nan Gath.
Pa kriye menm.
Nan Beth-Leaphra mwen te woule
kò mwen nan pousyè.
11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir;
nan [p]lawont ak toutouni ou.
Moun [q]Tsaanan p ap chape.
Plenyen Beth-Haëtsel la:
Li va retire sou ou tout soutyen li.
12 Paske moun Maroth vin fèb nan [r]tann sa ki bon,
akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,
rive nan pòtay Jérusalem nan.
13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun [s]Lakis!
Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an—
akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.
15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila
k ap pran posesyon nou an,
O nou menm k ap viv nan [v]Maréscha yo!
Glwa Israël la va antre menm nan [w]Adullam.
16 Vin [x]chòv nèt;
koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.
Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,
paske [y]yo te ale an egzil kite ou!