Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan [a]pwòp vil Li a. 2 [b]Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”

3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a [c]ap blasfeme.”

4 Men Jésus te [d]konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? 5 Kisa ki pi fasil pou di: [e]‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? 6 Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”

7 Epi konsa, Li te leve ale lakay li. 8 Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te [f]bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.

9 [g]Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li. 10 Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo. 11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: [h]“Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”

12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa [i]sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: [j]‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”

14 Aprè sa, disip a Jean yo [k]te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”

15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn. 16 Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal. 17 Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”

18 [l]Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”

19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche [m]rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab [n]touche rebò vètman Li, m ap geri.”

22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, [o]fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.

23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè [p]moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a [q]pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”

Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men [r]lè foul la te soti deyò, Li te antre, [s]pran men li, e fi a te vin leve. 26 [t]Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.

27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras [u]Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”

Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.

29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt [v]selon lafwa nou.” 30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus [w]te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31 Men yo te ale deyò e [x]te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.

32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li [y]yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: [z]“Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”

34 Men Farizyen yo t ap di: [aa]“Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”

35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap [bb]enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, [cc]paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: [dd]“Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

<- Matthïeu 8Matthïeu 10 ->