Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [a]Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.

2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e [b]yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule [c]wòch akote a, e li te chita sou li. 3 Li te [d]parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.

4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.

5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: [e]“Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, [f]menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” 7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nan[g]Galilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”

8 Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.

9 Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.

Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L. 10 Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di [h]frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”

11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan [i]gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14 Si sa ta gen tan rive nan [j]zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’ ”.

15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te [k]gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.

16 Men onz disip yo te fè wout yo pou [l]Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men [m]kèk te doute.

18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: [n]“Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale [o] fè disip a tout nasyon yo, epi [p]batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, [q] Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”

<- Matthïeu 27