1 Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. 2 Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki [a]pa pèmi nan yon jou Saba.”
3 Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo? 4 Jan li te antre nan kay Bondye a, e [b]te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? 5 Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? 6 Men Mwen di nou ke yon choz [c]pi gran pase tanp lan isit la. 7 Men si nou te konnen kisa sa vle di: [d]‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo. 8 Paske [e]Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
9 Konsa, Li te [f]kite la e te ale nan sinagòg yo. 10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: [g]“Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11 Li te reponn yo: [h]“Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 12 [i]Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” 13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” [j]Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. 14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou [k]fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.
16 Epi Li te [m]pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
22 [s]Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab [t]Fis a David?” 24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap [u]chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
25 [v]Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26 Si se [w]Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27 Epi si Mwen menm [x]pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28 Men [y]si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29 Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
30 [z]“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31 [aa]Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32 [bb]Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan [cc]laj sila a ni nan laj k ap vini an.
33 “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. [dd]Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34 [ee]Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35 [ff]Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36 Epi Mwen di nou ke nan [gg]jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37 Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: [hh]“Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39 Men li te reponn yo konsa: [ii]“Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40 Menm jan ke [jj]Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase [kk]twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske [ll]yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42 [mm]Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
43 [nn]“Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44 Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45 Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi [oo]dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
46 [pp]Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” 49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. 50 Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”
<- Matthïeu 11Matthïeu 13 ->- a Mat 12:10
- b I Sam 2:16
- c II Kwo 6:18
- d I Sam 6:6
- e Mat 8:20
- f Mc 3:1-6
- g Mat 12:2
- h Luc 14:5
- i Mat 10:31
- j Mat 8:3
- k Mat 26:4
- l Mat 4:23
- m Mat 8:4
- n És 42:1
- o Mat 3:17
- p És 42:2
- q És 42:3
- r Wo 15:2
- s Mat 9:32,34
- t Mat 9:27
- u Mat 9:34
- v Mat 23:27
- w Mat 4:10
- x Trav 19:13
- y I Jn 3:8
- z Mc 9:40
- aa Luc 12:10
- bb Luc 12:10
- cc Mat 13:22,39
- dd Mat 7:16-18
- ee Mat 3:7
- ff Pwov 10:20,21
- gg Mat 10:15
- hh Mat 16:1
- ii Mat 16:4
- jj Jon 1:17
- kk Mat 16:21
- ll Jon 3:5
- mm I Wa 10:1
- nn Luc 11:24-26
- oo Mc 5:9
- pp Mc 3:31-35