1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.[a] 2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, [b]solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. 3 Nou va [c]foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.
4 [d]“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.
5 “Gade byen, Mwen ap voye bannou [e]Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. 6 Li va [f]tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin [g]frape peyi a avèk yon malediksyon.”
<- Malachie 3