1 [a]Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la. 2 Li te wè de kannòt ki te twouve akote lak la, men moun lapèch yo te deja desann yo, e t ap lave filè yo. 3 Li te [b]antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.
4 Lè Li te fin pale, Li te di Simon: “Mete nou deyò nan dlo fon e[c]lage filè yo pou kenbe pwason.”
5 Simon te reponn pou di L: [d]“Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”
6 [e]Lè yo te fin fè sa, yo te pran yon gwo kantite pwason. Filè yo te tanmen chire. 7 Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.
8 Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!” 9 Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe. 10 Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou.
12 [h]Pandan Li te nan youn nan vil yo, gade byen, te gen yon nonm ki te kouvri avèk lalèp. Lè l te wè Jésus, li te tonbe sou figi li, e li te enplore Li: “Senyè, si Ou vle, Ou kapab fè m pwòp.”
13 Li te lonje men L, e te touche li. Li te di: “Mwen vle. Vin pwòp.” Imedyatman, lalèp la te kite li. 14 Li te kòmande li pou pa di pèsòn sa: “Men ale[i]montre ou menm a prèt yo, e fè yon ofrann pou netwayaj ou, jan Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”
15 Men [j]nouvèl sou Li t ap gaye menm pi lwen. Gwo foul moun t ap rasanble pou tande Li, e pou geri de maladi yo. 16 Men Jésus Li menm, te konn souvan chape ale nan dezè a pou[k]priye.
17 Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te [l]sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, [m]pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.
18 [n] Kèk moun t ap pote sou yon kabann, yon nonm ki te paralize. Konsa, yo t ap eseye fè l antre pou mete l devan L. 19 Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.
20 Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.
21 Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: [o]“Ki moun sa k ap blasfeme konsa? [p]Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”
22 Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa? 23 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’? 24 Men pou nou kab konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo,” li te di a paralitik la: [q]“Mwen di ou leve, pran kabann ou e ale lakay ou.”
25 Lapoula nonm nan te leve devan yo, ranmase nat li, e li te ale lakay li [r]ranpli avèk lwanj Bondye.
26 Yo tout te sezi, etone menm, e [s]t ap bay Bondye glwa. Yo te ranpli avèk lakrent, e t ap di: “Nou wè bagay ki tèlman remakab jodi a”.
27 [t]Apre sa, Li te sòti deyò e li te wè yon ajan kontribisyon ki te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”. 28 Konsa,li te [u]kite tout bagay dèyè, e te leve swiv Li.
29 [v]Lévi te fè yon resepsyon pou Li lakay li. Yo te gen yon gwo [w]foul kolektè kontribisyon avèk lòt moun ki t ap manje sou tab la avèk yo. 30 [x]Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”
31 Jésus te reponn e te di yo: [y]“Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.” 32 Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.
33 Yo te di Li: [z]“Disip a Jean yo souvan fè jèn e fè lapriyè; disip a Farizyen yo fè menm jan an. Men pa Ou yo, manje e bwè.”
34 Jésus te di yo: “Nou pa kapab fè zanmi fèt maryaj yo fè jèn pandan jennonm maryaj la toujou avèk yo. Èske se pa vrè? 35 [aa]Men jou yo ap vini lè jennonm nan ap kite yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo.”
36 Li t ap di yo yon parabòl: “Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a. 37 Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate. 38 Men diven nèf la oblije vide nan po fèt avèk kwi nèf. 39 Epi pèsonn, lè l fin bwè sa ki ansyen, pa janm vle nèf la, paske li di: ‘Vye a pi bon’ ”.
<- Luc 4Luc 6 ->- a Mat 4:18-22
- b Mat 13:2
- c Jn 21:6
- d Luc 8:24
- e Jn 21:6
- f Mat 14:27
- g Mat 4:20-22
- h Mat 8:2-4
- i Lev 13:49
- j Mat 9:26
- k Mat 14:23
- l Mc 1:45
- m Mc 5:30
- n Mat 9:2-8
- o Luc 7:49
- p És 43:25
- q Mat 4:24
- r Mat 9:8
- s Mat 9:8
- t Mat 9:9-17
- u Luc 5:11
- v Mat 9:9
- w Luc 15:1
- x Mc 2:16
- y Mat 9:12,13
- z Mat 9:14
- aa Mat 9:15