Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [a]Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a 2 pandan [b]karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.

3 Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”

4 Jésus te reponn li: “Li ekri. [c]‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’ ”

5 [d]Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan. 6 Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, [e]paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito. 7 Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”

8 Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri [f]‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’ ”

9 [g]Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la, 10 paske sa ekri:

‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
11 epi nan men pa yo, yo va kenbe ou,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.’ ”

12 Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li kon di; [h] ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’ ”

13 Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.

14 [i]Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. [j]Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo. 15 Li te kòmanse [k]enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.

16 Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, [l]Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. 17 Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:

18 [m]“Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame [n]ane favorab a Senyè a.”

20 Li te [o]fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21 Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”

22 Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: [p]“Se pa fis a Joseph la?”

23 Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan [q]Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’ ”

24 Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, [r]nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li. 25 Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël [s]nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a. 26 Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman a[t]Sarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv. 27 Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men [u]sèlman Naaman, yon Siryen.”

28 Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo; 29 Yo te soulve, yo te [v]pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan 30 do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te [w]pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.

31 Konsa, [x]Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a. 32 Yo te etone de enstriksyon Li, paske [y]mesaj Li yo te avèk otorite.

33 Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò: 34 “Kite nou pou kont nou! [z] Kisa nou gen avè Ou, Jésus de [aa]Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”

35 Jésus te [bb]reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.

36 Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.” 37 [cc]Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.

38 [dd]Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l. 39 Konsa Li te kanpe anwo li; Li te [ee]reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.

40 [ff]Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo. 41 Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li [gg]pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.

42 [hh]Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.

43 Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; [ii]paske Mwen te voye pou rezon sa a.” 44 Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagòg[jj]Judée yo.

<- Luc 3Luc 5 ->